Lajan ou enpòtan pou ou. Li lojik pou mande tèt ou si sèvis w ap itilize a pou voye lajan bay pwòch ou yo pran prekosyon ki nesesè pou pwoteje enfòmasyon finansye ou yo.
Western Union pran sekirite oserye. Antanke youn nan konpayi sèvis finansye ak kominikasyon ki pi fyab e ki pi ansyen nan mond lan, nou ofri yon gran varyete opsyon transfè lajan nan plis pase 200 peyi. Pandan plis pase 160 lane, nou fyè dèske nou fasilite transfè lajan atravè lemond yon fason fyab ak efikas.
Western Union itilize politik ak pwosedi tankou idantifikasyon ak foto epi nimewo suivi (MTCN) swivi pou ede asire lajan ke yo voye bay bon moun lan.
Western Union edike ajan ak kliyan li yo tou sou kijan pou yo pwoteje tèt yo kont fwod ak eskwokri. Pou plis enfòmasyon sou fwod, tanpri vizite Sant Pwoteksyon Konsomatè nou an.