Mizajou 24 jen 2024
The Western Union Company, filyal ak afilye nou yo (“Western Union” oswa “nou” oswa “nou menm”) pran konfidansyalite w oserye epi angaje l nan trete enfòmasyon pèsonèl ou yo nan konfòmite ak lalwa sou pratik enfòmasyon ki jis ak lalwa sou pwoteksyon done ki aplikab yo pou pi byen sèvi w. Pou yon lis antite lokal Western Union yo, tanpri gade seksyon “ANTITE MONDYAL WESTERN UNION YO” nan Deklarasyon sou Konfidansyalite Mondyal sa a.
Nan Western Union, nou angaje nou pou rann sèvis finansye yo aksesib pou moun tout kote. Angajman sa a anvè kliyan nou yo gen ladan l fè sa ki byen ak enfòmasyon pèsonèl yo.
Objektif Deklarasyon sou Konfidansyalite Mondyal nou an se pou esplike fason nou kolekte, itilize, konsève, pwoteje, distribiye epi pataje enfòmasyon pèsonèl ou yo lè w ap itilize nenpòt nan sèvis nou yo sou entènèt atravè sit entènèt nou an, nan magazen an detay ak atravè aplikasyon mobil nou yo, epi tou pou enfòme w sou chwa ou genyen sou fason nou kolekte epi itilize enfòmasyon w yo.
Lè w itilize sèvis transfè lajan nou yo oswa lòt sèvis finansye yo, tankou pòtfèy nimerik nou an oswa kat prepeye nou an; kontakte nou; jwenn aksè oswa anrejistre yon kont sou sit entènèt nou yo oswa aplikasyon nou yo; oswa antre nan pwogram fidelite nou yo (kolektivman, “Sèvis yo”), Nou kolekte enfòmasyon pèsonèl sou ou epi nou ka itilize yo ansanm ak lòt enfòmasyon nou kolekte oswa pwodui pandan relasyon nou ak ou. Nou kolekte diferan kalite enfòmasyon pèsonèl sou ou, ki ka gen ladan l:
Western Union kolekte enfòmasyon pèsonèl ou yo nan divès fason, tankou:
Nou pran angajman nou pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou yo. Nou itilize dispozisyon pwoteksyon òganizasyonèl, teknik ak adminsitratif ki respekte lalwa ak règleman leta ki aplikab yo pou sekirize enfòmasyon pèsonèl ou yo. Nou fè tout sa nou kapab tou pou limite aksè nan enfòmasyon pèsonèl nou trete yo pou sèlman anplwaye nou yo, ajan nou yo, ak reprezantan nou yo ki gen yon bezwen biznis pou konnen yo. Malgre efò nou yo, twazyèm pati yo ka pran oswa jwenn aksè ilegalman nan enfòmasyon pèsonèl ou yo.
Nou itilize teknoloji entènèt tankou cookies, etikèt, ak baliz entènèt sou sit entènèt nou yo, nan aplikasyon mobil, oswa lè w ale sou yon sit entènèt yon lòt antite. Nou itilize teknoloji sa yo pou plizyè rezon, jan yo idantifye l nan seksyon ki gen tit “FASON WESTERN UNION ITILIZE ENFÒMASYON PÈSÒNÈL LI KOLEKTE YO”.
Pou plis enfòmasyon sou fason nou itilize cookies yo, tanpri klike sou lyen “Enfòmasyon sou Cookies” ki anba paj entènèt Western Union ki aplikab la. Nan kèk rejyon, nou te aplike kapasite pou itilizatè a jere cookies sou sit entènèt nou yo; kote sa disponib, nou pral sèlman li oswa ekri cookies ki baze sou nivo preferans ou.
Nou ka itilize twazyèm pati pou montre w piblisite pèsonalize pandan w ap navige sou Entènèt la. Anjeneral, ou ka chwazi pou w pa resevwa anons pèsonalize nan men anonsè ak rezo piblisitè twazyèm pati konpayi sa yo ki manm Network Advertising Initiative (NAI) oswa ki suiv Prensip Kontwòl Pèsonèl Digital Advertising Alliance (DAA) pou Piblisite Konpòtman sou Entènèt lè w ale sou paj pou w refize patisipe yo sou sitwèb NAI ak DAA yo.
Do Not Track (DNT) (Pa Suiv), se yon paramèt navigasyon ki pa obligatwa ki pèmèt ou eksprime preferans ou konsènan suivi moun k ap fè piblisite yo ak lòt twazyèm pati yo. Nou pa reponn siyal DNT yo, sof si lalwa aplikab la egzije sa.
Nou itilize enfòmasyon pèsonèl nou kolekte yo pou rezon komèsyal ki anapre yo:
Nou ka itilize enfòmasyon pèsonèl ou jan sa esplike yon lòt kote nan Deklarasyon sa a pou chak nan baz legal ki annapre yo:
Selon preferans ou yo, nou pral avize w de òf, pwomosyon, ak dènye nouvèl konsènan pwodui ak sèvis nou yo oswa lòt pwodui ak sèvis ki ka entèrese w. Sa yo kapab gen ladan yo òf pa imèl, telefòn, kourye postal, SMS, rezo sosyal oswa lòt kominikasyon oswa chèn nimerik.
Ou kapab chwazi resevwa kominikasyon sou piblisite nenpòt lè. Si w pa vle resevwa kominikasyon maketing dirèk nan men nou ankò, ou ka chwazi pou ou pa resevwa yo lè w suiv enstriksyon ki nan kominikasyon elektwonik ki enpòtan an, lè w ajiste paramèt ou yo nan kont labank dijital ou oswa nan kont pòtfèy elektwonik ou oswa nan aplikasyon an, oswa lè w kontakte nou jan sa dekri nan seksyon “KONTAKTE NOU” an.
Tanpri sonje si w chwazi pou ou pa resevwa kominikasyon ki gen rapò ak maketing nan men nou, nou ka toujou voye ba ou kominikasyon enpòtan ki gen rapò ak sèvis, administrasyon oswa tranzaksyon.
Nou pa dirije Sèvis oswa pwodui nou yo pou timoun ki poko gen 18 an. Nou pa deside kolekte enfòmasyon sou sit entènèt nou an oswa aplikasyon mobil nou yo nan men moun ki poko gen 18 an.
Sit entènèt nou yo ka gen lyen ki mennen nan oswa ki soti nan sit entènèt twazyèm pati yo. Nou pa te revize, nou pa kontwole, epi nou pa responsab pou kontni oswa pratik konfidansyalite sit entènèt ki gen lyen ki mennen nan oswa ki soti nan sit entènèt nou yo itilize. Nou pa pran responsablite pou okenn nan sit sa yo, kontni yo, oswa règleman sou enfòmasyon prive yo. Nou pa andose sit entènèt twazyèm pati yo oswa nou pa bay okenn garanti sou okenn enfòmasyon, lojisyèl, oswa lòt pwodui oswa materyèl ou ka jwenn la, oswa nenpòt rezilta ou ka jwenn lè w sèvi ak yo.
Pou nenpòt nan rezon ki mansyone nan Deklarasyon sa a, nou ka pataje enfòmasyon pèsonèl ki aplikab yo, tankou, men pa limite a, non w, enfòmasyon kontak ou, nimewo idantifikasyon nasyonal ou ak/oswa dokiman ki gen rapò, nimewo idantifikasyon kliyan, adrès ou, detay ak modèl tranzaksyon yo, ak enfòmasyon sou kont labank ou bay kalite òganizasyon oswa pati sa yo:
Si w se yon kliyan yon Sèvis ki pèmèt yon pwofil piblik, ou ka chwazi pou fè pwofil ou vizib piblikman. Sa ka gen ladan l pataj kèk detay pèsonèl tankou non w, foto w, lajan ki disponib nan kont ou a, ak lefètke ou se yon kliyan. Epitou, si ou se yon kliyan kont labank oswa bou elektwonik, lòt kliyan kont labank oswa pòtfèyelektwonik yo ka kapab tou chèche w ak nimewo telefòn ou epi itilize yon kòd QR ou ka bay yo pou fè tranzaksyon avè w. Nou ka transmèt enfòmasyon pèsonèl ou yo an koneksyon avèk yon vant oswa transfè tout oswa yon pati nan biznis nou an. Nou ka dpataje enfòmasyon pèsonèl ou yo tou atravè lemonn, jan lalwa ak règleman ki aplikab yo egzije oswa pèmèt, bay otorite regilasyon ak finansye, ajans rapò kredi, kò ki aplike lalwa, tribinal, gouvènman oswa ajans gouvènman pou satisfè obligasyon konfòmite ak legal oswa pou revandike oswa defann dwa ak enterè Western Union oswa lòt moun.
Nou transfere enfòmasyon pèsonèl ou bay pati ki nan peyi andeyò peyi kote nou te kolekte yo a, tankou Etazini, men se pa li sèlman, jan lalwa ki aplikab, otorite regilasyon yo, lapolis ak ajans gouvènman yo pèmèt oswa egzije sa. Anplis de sa, lè ou voye oswa resevwa lajan nan yon lòt peyi oswa soti nan yon lòt peyi, nou pral oblije pataje kèk nan enfòmasyon pèsonèl ou yo ak peyi sa a jan lalwa egzije oswa pèmèt. Nou transfere kèk enfòmasyon pèsonèl sou ou nan sant done nou yo ki sitiye Ozetazini oswa nan yon rejyon jan lalwa lokal la egzije sa epi nou trete yo pou nou satisfè obligasyon legal ak konfòmite nou yo ki aplike nan Sèvis nou yo. Lè w sèvi ak Sèvis yo, ou rekonèt transfè enfòmasyon sa yo ka rive deyò peyi rezidans ou.
Enfòmasyon pèsonèl ki transfere andeyò EEA a, Wayòm Ini (UK) an, ak Laswis lan nan peyi Komisyon Ewopeyen an oswa Biwo Komisyonè Enfòmasyon Wayòm Ini a (ICO) pa jwenn ki bay pwoteksyon apwopriye pral pwoteje ak Règleman Kontra Regilye ki apwopriye oubyen lòt mwaye Inyon Ewopeyen an oubyen Wayòm Ini a apwouve, jan lalwa egzije sa.
Enfòmasyon pèsonèl ou yo pral konsève selon peryòd reglemantè ki genyen nan règleman ki aplikab ak tranzaksyon finansyè ki gen la dan sa ki gen rapò ak lit kont blanchisman lajan, lit kont finansman teworis ak lòt lwa ki aplikab ak nou yo. Oswa nou pral konsève enfòmasyon ou yo si sa nesesè pou rezon presi li te kolekte a, oswa pou rezoud tout kesyon ou kapab genyen. Nou respekte prensip minimizasyon done yo epi nou fè efò pou nou kenbe enfòmasyon yo pa plis pase sa nesesè pou rezon ki te fè nou jwenn yo a.
| Dwa | Deskripsyon | Fason pou w jwi |
| Dwa pou konnen ak jwenn aksè | Ou genyen dwa pou konnen si n ap trete enfòmasyon pèsonèl ou yo epi pou mande yon kopi enfòmasyon w yo gratis. Ou genyen dwa pou mande yon kopi ki byen ranje oswa yon kopi machin ki kapab li konsènan kèk enfòmasyon ou te ba nou. | Si w itilize Sèvis nou yo sou entènèt oubyen atravè aplikasyon mobil la, ou ka konekte sou kont ou a nenpòt ki lè pou jwenn aksè ak deklarasyon w yo, enfòmasyon tranzaksyon w yo, ak kèk enfòmasyon pèsonèl. Pou egzèse dwa sa yo, tanpri ale sou http://www.westernunion.com/datasubjectrights oubyen kontakte Western Union atravè seksyon ki rele “KONTAKTE NOU”. |
| Dwa pou sispann kominikasyon maketing yo | Ou genyen dwa pou kanpe nou pou pa voye kominikasyon sou piblisite ba ou. | Si ou se yon itilizatè ki anrejistre sou westernunion.com kòm yon konsomatè transfè lajan nimerik, ou ka vizite tou westernunion.com epi modifye paramèt pwofil ou pou chanje kominikasyon maketing ou ak preferans pataj done ak twazyèm pati w yo. Pou egzèse dwa sa yo, tanpri ale sou http://www.westernunion.com/datasubjectrights oubyen kontakte Western Union atravè seksyon ki rele “KONTAKTE NOU”. |
| Dwa pou koreksyon | Ou gen dwa pou w mande pou korije enfòmasyon ki konsène w ki pa konplè, ki pa presi, oswa ki pa ajou. | Pou egzèse dwa sa yo, tanpri ale sou http://www.westernunion.com/datasubjectrights oubyen kontakte Western Union atravè seksyon ki rele “KONTAKTE NOU”. |
| Dwa pou siprime, restriksyon, ak objeksyon | Ou gen dwa pou mande nou pou efase kèk enfòmasyon konsènan ou menm, pou limite kèk itilizasyon enfòmasyon ki lye avèk ou, epitou pou pwoteste pou kèk itilizasyon ki fèt de yo. | Pou egzèse dwa sa yo, tanpri ale sou http://www.westernunion.com/datasubjectrights oubyen kontakte Western Union atravè seksyon ki rele “KONTAKTE NOU”. |
| Dwa pou anile konsantman | Nan ka kote nou trete enfòmasyon pèsonèl selon konsantman w, ou kapab anile konsantman w jan lalwa ki aplikab la otorize sa. | Pou egzèse dwa sa yo, tanpri ale sou http://www.westernunion.com/datasubjectrights oubyen kontakte Western Union atravè seksyon ki rele “KONTAKTE NOU”. |
| Dwa pou w depoze yon plent | Epitou ou gen dwa pou depoze yon plent nan yon òganis kontwòl pwoteksyon enfòmasyon enpòtan oswa yon otorite kontwòl konpetan konsènan trètman nou yo sou enfòmasyon pèsonèl yo. | Pou egzèse dwa sa yo, tanpri ale sou http://www.westernunion.com/datasubjectrights oubyen kontakte Western Union atravè seksyon ki rele “KONTAKTE NOU”. |
Gen lòt dwa ki ka disponib tou nan divès jiridiksyon anba lalwa lokal yo. Yo pral aksesib atravè mwayen nou bay pi wo yo.
Si w gen yon kesyon oswa yon plent konsènan fason nou jere enfòmasyon pèsonèl ou yo, n ap mande w pou ekri kesyon w lan. Nou pral envestige sou kesyon w lan epi anjeneral nou reponn pa ekri nan delè ki pa depase 30 jou apre nou te resevwa l. Ou kapab kontakte nou tou, tankou Ofisye Pwoteksyon Enfòmasyon nou an nanwuprivacy@westernunion.com.
Pou kontakte nou atravè yon nimewo telefòn gratis oswa lokal, tanpri klike sou lyen “Kontakte nou” ki nan pye paj wèb Western Union ki aplikab la pou jwenn enfòmasyon kontak presi pou rejyon w lan.
Nou ka modifye Deklarasyon sou Konfidansyalite Mondyal sa a detanzantan, epi nou pral pibliye deklarasyon sou konfidansyalite ki ajou yo sou sit entènèt sa a lè modifikasyon fèt. Nou ankouraje w pou w revize Deklarasyon sou Konfidansyalite Mondyal sa a lè w vizite pou w jwenn deklarasyon ki pi ajou a.
Pou konsomatè nan Etazini, enkli sila yo ki nan Kalifòni, Nevada, Dakota Dinò, Tegzas, ak Vèmon tanpri suiv lyen sa a pou Avi sou Konfidansyalite Western Union nan.
Pou rezidan Kalifoni yo, tanpri gade Enfòmasyon ki ajoute nan Deklarasyon sou Konfidansyalite sa a pou Rezidan Kalifoni.
Pwogram Rekonpans Western Union® (“Rekonpans”), pwogram fidelite nou an, se youn nan fason Western Union fè efò pou rekonpanse epi remèsye kliyan fidèl yo paske yo te vin kliyan nou yo epi yo te itilize sèvis Western Union yo. Manm Rekonpans yo chwazi enskri lè yo enskri pou Rekonpans nan magazen patisipan yo, sou entènèt oswa atravè aplikasyon Western Union an, epi yo kapab touche epi akimile pwen Rekonpans ak chak transfè lajan ki fèt ke yo ka itilize pou frè transfè rabè sou transfè lajan. Si ou ta renmen vin yon manm Western Union Rewards, tanpri gade Tèm ak Kondisyon Pwogram Western Union Rewards pou plis enfòmasyon epi/oswa klike la a pou enskri.
Western Union kolekte epi itilize kategori enfòmasyon pèsonèl ki dekri nan seksyon “ENFÒMASYON PÈSÒNÈL WESTERN UNION KOLEKTE,” “FASON WESTERN UNION KOLEKTE ENFÒMASYON PÈSÒNÈL,” ak “KIJAN WESTERN UNION ITILIZE ENFÒMASYON PÈSÒNÈL LI KOLEKTE A” nan dokiman nou yo. Deklarasyon sou Konfidansyalite Mondyal, ki gen ladan enfòmasyon ou ban nou volontèman (tankou non w ak imèl ou), enfòmasyon nou kolekte otomatikman, ak enfòmasyon ki soti nan lòt sous pou opere pwogram fidelite Rewards la, tankou pou ba w pwomosyon, kontni, ak òf espesyal ansanm ak lòt itilizasyon ki dekri nan Deklarasyon sou Konfidansyalite Mondyal la. Nou travay avèk founisè sèvis ak patnè biznis pou ofri avantaj pou pwogram fidelite Rewards nou an. Patnè sa yo ka tonbe nan kategori sa yo: patnè vandè, ajan Western Union, filiyal ak afilye, ak/oswa founisè sèvis ak patnè biznis. Ou ka aprann plis bagay sou patnè biznis nou pataje enfòmasyon w yo avèk yo lè w al gade seksyon “AK KI MOUN WESTERN UNION PATAJE ENFÒMASYON PÈSÒNÈL OU YO” nan Deklarasyon sou Konfidansyalite Mondyal la.
Baze sou estimasyon rezonab ak bon lafwa nou an, nou resevwa valè nan Pwogram Rekonpans Western Union® nan, nan ogmantasyon fidelite ak patronaj kliyan, byenke nenpòt valè ap varye selon manm Rekonpans yo selon kantite transfè lajan ki fèt, ki òf ak rabè yon manm pwofite, ak lòt faktè.
Western Union pa bay okenn valè monetè pou enfòmasyon nou kolekte atravè pwogram fidelite Rewards la lè n ap voye kominikasyon pa imèl. Ou ka chwazi pou ou pa resevwa imèl pwomosyonèl nenpòt kilè lè w ajiste paramèt kont Western Union w sou entènèt, oubyen lè w klike sou lyen “dezabòne” ki gen ladan l nan nenpòt imèl pwomosyonèl nou voye ba ou, men w ap toujou resevwa mesaj sèvis ki gen rapò ak kont Rekonpans ou an. Patisipasyon nan pwogram Rekonpans yo se volontè, epi ou ka retire kò w nan pwogram fidelite Rekonpans lan lè w vizite seksyon kont lan oswa paramèt yo nan aplikasyon Western Union nan oswa nan pwofil sou entènèt ou a, lè w mande pou yo efase enfòmasyon w yo lè w ranpli fòmilè sa a, oswa lè w kontakte Sèvis Kliyantèl Western Union nan. Tanpri sonje lè ou retire kòb ou nan Rekonpans yo, ou pa pral gen aksè ak kont Rekonpans ou a ankò, men ou ka kontinye itilize platfòm dijital ak komèsyal Western Union yo. Tout pwen ak rekonpans ou te touche jiska moman retrè a p ap disponib ankò. Jan nou te di deja, pou nou ka kominike avèk ou epi ba ou sèvis atravè pwogram fidelite Rewards la, nou bezwen itilize enfòmasyon pèsonèl ou yo. Se poutèt sa, si ou chwazi efase enfòmasyon pèsonèl ou nan pwogram fidelite Rewards la, oubyen si ou chwazi fè yon demann pou siprime enfòmasyon an jeneral, nou p ap ka ba ou sèvis ak avantaj ankò atravè pwogram fidelite Rewards sa a.
Si yon manm pwogram Rekonpans lan chwazi pou l pa pataje enfòmasyon pèsonèl li, manm pwogram Rekonpans lan pa pral pèdi okenn avantaj pou itilizasyon pwen rekonpans li yo toutotan li rete manm nan pwogram Rekonpans lan. Si w chwazi pou yo pa pataje enfòmasyon pèsonèl ou, ou ka resevwa mwens òf ak sèvis pèsonalize, tankou nenpòt òf nan men patnè twazyèm pati k ap patisipe nan pwogram Rekonpans lan.
Si w se yon rezidan Kalifòni oswa Kolorado epi ou te chwazi pou nou pa “pataje” enfòmasyon pèsonèl ou anvan ou te rantre nan Rewards, ou pral bezwen chwazi pou sa ankò yon fwa ou vin manm, si ou pa vle Western Union “pataje” enfòmasyon pèsonèl. Pou w fè sa a, klike la a oswa kontakte Sèvis Kliyantèl Western Union.
Pou konsomatè nan Meksik yo, gade Enfòmasyon ajoute nan Deklarasyon sou Konfidansyalite pou Rezidan Meksik yo.
Pou kliyan ki Brezil yo, tanpri gade Enfòmasyon Ajoute pou Rezidan Brezilyen an nan Deklarasyon sou Konfidansyalite Mondyal sa a.
Pou konsomatè ki abite nan Japon, malgre nenpòt lòt dispozisyon ki genyen nan Deklarasyon sou Konfidansyalite Mondyal sa a, nou pral trete Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl Japonè ou a (“My Number”) (“Nimewo mwen”) ak dokiman sipò li yo an konfòmite avèk nenpòt lwa ak règleman ki aplikab jan sa dekri nan seksyon sa a.
Nou kolekte Nimewo My Number (Nimewo Mwen) ou a ak dokiman sipò nou bay yo sèlman pou nou ka konfime My Number (Nimewo Mwen) ou a jan Lalwawa sou Soumisyon Deklarasyon Transfè Labank Aletranje egzije a epi nan konfòmite avèk Lalwa sou Voye Deklarasyon Transfè Labank Aletranje pou Objektif Garanti Bon Taksasyon Domestik nan Japon an (Lalwa No 110 nan 1997, jan yo te modifye li a).
Pou w jwenn yon lis antite legal lokal Wester Union yo, tanpri gade la a: “ANTITE LEGAL WESTERN UNION. “