Kesyon yo Pi Souvan Poze

Swivi yon transfè

Kijan mwen ka verifye estati transfè lajan mwen an?

Ou ka tcheke estati transfè w la nenpòt kilè sou westernunion.com oswa sou aplikasyon mobil nou an:

Kijan m ka konnen si transfè mwen an apwouve?

Pou transfè anliy yo, nou pral avèti w lè estati transfè la w chanje. Pou transfè ki fèt nan biwo ajan yo, w ap bezwen tcheke estati transfè w la apre yon tan pou wè si gen nenpòt mizajou.

Si estati transfè ou a montre ‌A‌nkou pou plis pase 48 èdtan, ‌‌kontakte nou‌.
Pafwa, nou dwe konfime kèk detay anvan nou voye transfè w lan. Se yon pwosesis estanda epi pafwa li ka pran plis tan pase dabitid.

Poukisa transfè lajan mwen an bloke oswa anreta?

Malgre nou fè tout sa nou kapab pou fè chak transfè yo fèt san pwoblèm, pafwa li ka kenbe oswa li ka anreta. Li ta ka akòz rezon sa yo:

  • N ap verifye idantite w.
  • N ap konfime lòt detay.
  • Bank ou ap verifye transfè w la.
  • N ap tann plis enfòmasyon nan men ou.
  • Pou evite plis reta, ou ka kontakte nou avèk nimewo swivi ou a (MTCN).

Pou yon pi bon eksperyans transfè nan lavni, tanpri bay detay sa yo avèk presizyon:

  • Non benefisyè w la jan li parèt sou ID ki soti nan gouvènman.
  • Detay labank ou menm ak benefisyè w la, kat kredi oswa debi li, oswa pòtfèy mobil ou.
  • Enfòmasyon kontak ou tankou nimewo telefòn ak adrès imèl.
  • Enfòmasyon ID w.