Sou westernunion.com , swiv etap sa yo:
Nan aplikasyon mobil la, swiv etap sa yo:
Sou westernunion.com , klike Bliye modpas nan Paj konekte a.
Sou aplikasyon mobil la, klike sou Bliye Modpas epi antre adrès imèl ou te anrejistre a.
N ap voye yon lyen ba ou, k ap gide ou pou reponn youn nan twa kesyon sekirite ou te mete kanpe lè w t ap kreye kont lan.
Si pwofil ou a bloke akòz plizyè tantativ koneksyon ki pa kòrèk oswa repons ki pa kòrèk pou kesyon sekirite yo, tanpri rele Sèvis kliyantèl nan 1-877-989-3268.
Ou ka jwenn aksè nan istorik transfè sa a si w deja anrejistre ak Western Union:
1. Transfè ki te kòmanse epi peye anliy pandan 5 dènye ane yo nan westernunion.com.
2. 90 dènye jou transfè ki te kòmanse anliy epi ki te peye nan biwo ajan yo.
3. Pou jwenn aksè nan istorik transfè lajan ou an, tou senpleman swiv etap sa yo: Konekte sou westernunion.com oswa ale nan aplikasyonnou an.
4.Ale nan Meni epi seleksyone Istorik.
5. Chwazi tip transfè a pou wè istorik transfè ou a.
Ou ka mete rapèl transfè pou chak semèn, chak de semèn, ak chak mwa. Pou fè sa, tou senpleman swiv etap sa yo: Konekte sou westernunion.com oswa ale sou aplikasyonnou an.
Si ou bliye mete rapèl la sou paj Revizyon an, ou ka fè sa sou paj Resi a.
Apre ou fin mete rapèl ou a, n ap voye rapèl ba ou pa imèl ak notifikasyon. Lè w klike sou sa yo, w ap rive nan paj Revizyon an ak valè ranpli alavans yo. Ou ka verifye detay yo epi konplete transfè a. Ou pa ka mete plis pase yon rapèl pou yon benefisyè.
Tanpri swiv etap ki anba yo pou efase rapèl transfè pwograme yo: Konekte sou westernunion.com oswa ale sou aplikasyon nouan.
1.Ale nan Jere rapèl yo anba Meni.
2.Klike sou ikòn Efase a ki akote rapèl ou vle retire a.
3.Konfime aksyon an.