Kesyon yo Pi Souvan Poze

‌Sèvis WesternUnion Adisyonèl

Kijan mwen ka jwenn balans kat prepeye WesternUnion Netspend mwen an epi swiv aktivite kat mwen an?

Ou ka rele nimewo telefòn ki sou do kat prepeye ou a epi itilize sistèm otomatik la pou balans kat la ak aktivite resan kat la. Ou kapab konekte tou sou pwofil Kat Prepeye WesternUnion ou a lè w vizite www.wunetspendprepaid.com.

Peye fakti yo

Voye peman dirèkteman bay emetè fakti patisipan yo Etazini pou ipotèk ou, oto ou, kat kredi ou, asirans ou, fakti sèvis piblik ou, fakti gouvènman ou ak plis ankò avèk sèvis Peman Fakti Western Union an.
‌1. Sou Westernunion.com, konekte sou pwofil Westernunion ou a.
2. Anlè paj wèb la, klike sou Peye fakti yo.
3. Swiv enstriksyon yo bay yo.
W ap bezwen:
Non emetè fakti a
Nimewo Kont lan
Montan
Aplikasyon mobil
1. Konekte sou pwofil Westernunion ou a.
‌2. Tape Peye Fakti yo.
3. Jwenn emetè fakti a lè w fè rechèch nan opsyon ki anlè ekran an oswa tape Plis epi tape non konpayi an nan chan Rechèch la oswa defile nan lis emetè fakti yo.
4. Swiv enstriksyon yo bay yo.
W ap bezwen:
Non emetè fakti a
Nimewo Kont lan
Montan
An pèson
Mande Ajan an pou Fòmilè Pou Voye Lajan (TSMF) pou sèvis Peman Fakti yo.
W ap bezwen:
Non Konpayi a (oswa Kòd Vil la)
Nimewo Kont lan
Montan
Transfè Lajan nan Telefòn – Etazini pou Etazini
Rele nan 1-800-CALL-CASH (1-800-225-5227) pou voye lajan gras ak yon kat kredi** oswa yon kat debi.
W ap bezwen:
Non emetè fakti a
Nimewo Kont lan
Montan
**Frè avans lajan kach konpayi kat la ak lòt chaj enterè ki asosye avèk li ka aplike. Itilize yon kat debi pou evite frè ak tarif sa yo.

Kijan mwen ka chanje oswa retabli kòd PIN ATM mwen an pou kat prepeye WesternUnion Netspend mwen an?

Rele nimewo telefòn ki make nan do kat prepeye w lan epi swiv enstriksyon yo. Yon fwa ou fin antre enfòmasyon kont ou a, chwazi opsyon 1 epi swiv enstriksyon yo.

Konbyen tan li pran pou yon peman transfè lajan rive nan yon kont emetè fakti a?

Sa ka varye selon emetè fakti ou voye peman an ba li a. Tanpri kontakte depatman sèvis kliyantèl emetè fakti a pou plis enfòmasyon.

Èske mwen ka itilize yon kat prepeye Western Union Netspend pou voye lajan?

Wi. Ou ka itilize kat la pou voye lajan soti nan westernunion.com oswa www.wunetspendprepaid.com.
Aprann plis bagay konsènan kat prepeye Western Union® NetSpend® yo.

Ki kote mwen ka rechaje kat prepeye Western Union Netspend mwen an?

Ou kapab rechaje kat ou an nan www.wunetspendprepaid.com. Konekte epi swiv etap yo.
Ou kapab rechaje kat prepeye w lan tou nan biwo Ajan ki patisipe yo. Jwenn yon biwo Ajan nan Jwen Kote yo sou westernunion.com.

Kijan mwen ka konnen si yon emetè fakti resevwa peman mwen an?

W ap resevwa yon Nimewo Kontwòl Transfè Lajan (MTCN) sou resi w la pou konfime yo te voye peman an bay emetè fakti a. Ou kapab swiv transfè w la pou wè kilè yo te voye lajan an pou emetè fakti a.
Nou rekòmande pou ou kontakte emetè fakti a dirèkteman pou konfime ou te resevwa peman an.

Èske mwen kapab verifye estati peman yon fakti?

Wi, ou ka swiv transfè lajan an pandan Western Union ap trete l.  Nou rekòmande pou ou kontakte emetè fakti a dirèkteman pou konfime ou te resevwa peman an.
WesternUnion.com
1. Anlè paj wèb la, klike sou Swiv Transfè.
2. Seleksyone Peman fakti.
    a) Si ou gen nimewo MTCN la, antre li nan chan Nimewo swivi (MTCN)la epi chwazi Swiv Transfè. 
     b) Si ou pa gen nimewo MTCN nan, anba Swiv Transfè, chwazi Ou pa konnen MTCNnan? 
W ap bezwen:
                I. Nimewo telefòn ekspeditè a
                II. Montan fakti a
                III. Dat transfè a (opsyonèl)
3. Seleksyone Swiv transfè.
Aplikasyon Mobil
1. Tape Plis.
2. Tape Swiv yon transfè
‌3. Tape Mwen se ekspeditè a epi antre nimewo MTCN nan nan chan Swivi nimewo (MTCN) la.
4. Tape Pwochen.

Èske mwen ka itilize yon kat prepeye WesternUnion Netspend pou voye lajan?

Wi. Ou kapab itilize kat la pou voye lajan soti nan WesternUnion.com oswa www.wunetspendprepaid.com.
Aprann plis bagay konsènan kat prepeye Western Union® NetSpend® yo.

Èske mwen ka anile yon peman fakti pou jwenn yon ranbousman?

Demann pou chanjman, ranbousman oswa anilasyon pou transfè lajan nan peman fakti yo dwe apwouve pa konpayi y ap voye lajan an, epi yo baze sou pwòp règleman ak delè pa yo. 
Western Union pa kapab garanti yon ranbousman yon fwa peman an fin ale.

Ki kote mwen ka rechaje kat prepeye WesternUnion Netspend mwen an?

Ou kapab rechaje kat ou an nan www.wunetspendprepaid.com. Konekte epi swiv etap yo.
Ou kapab rechaje kat prepeye w lan tou nan biwo Ajan ki patisipe yo. Jwenn yon biwo Ajan nan Jwenn Koye yo sou WesternUnion.com.

Ki kote mwen kapab achte yon kat prepeye Western Union Netspend?

Kat prepeye rechajab yo disponib nan biwo Ajan Western Union yo chwazi toupatou nan peyi a.
  1. Nan seksyon filtè Sèvis Western Union yo , tcheke kaz Vant Kat Prepeye yo.
  2. Kote ki toupre a ki gen ekspozisyon kat prepeye.
Ou kapab achte yo anliy tou nan www.wunetspendprepaid.com.

Kijan mwen ka jwenn balans kat prepeye Western Union Netspend mwen an epi swiv aktivite kat mwen an?

Ou ka rele nimewo telefòn ki sou do kat prepeye ou a epi itilize sistèm otomatik la pou balans kat la ak aktivite resan kat la. Ou kapab konekte tou sou pwofil Kat Prepeye Western Union ou an lè w vizite www.wunetspendprepaid.com.