Deklarasyon Aksesiblite

Deklarasyon Aksesiblite sa a aplike pou: www.westernunion.com/us

Accessibility Logos

Nou Valorize Enklizyon Nimerik

Nan efò nou pou rann sit entènèt sa a aksesib pou vizitè ki andikape yo epi optimize eksperyans itilizatè a pou tout vizitè sit la, Western Union te asosye avèk AudioEye, yon founisè tyès pati ki ofri sèvis tès, remèd ak siveyans Aksesiblite sou Entènèt.

Sètifikasyon Aksesiblite AudioEye

AudioEye Trusted

Sètifikasyon AudioEye ki fyab la reprezante yon angajman parapò ak aksesibilite epi enklizyon nimerik.

Pwosesis sètifikasyon aksesibilite AudioEye sou entènèt la enplike tès otomatik ak manyèl ki gen objektif pou idantifye epi rezoud obstak ak aksè yo. Nan patenarya avèk AudioEye, Western Union adopte direktiv World Wide Web Consortium lan (W3C) ki gen rapò ak Aksesiblite epi Kontni sou Entènèt yo (WCAG) 2.1 Nivo AA Success Criteria (Kritè Siksè) pou rann sit entènèt li a pi aksesib pou moun ki andikape epi pi fasil pou tout moun itilize.

Nan efò pèmanan sa a, pwofesyonèl aksèsibilite sètifye AudioEye yo ap kontwole, teste epi amelyore sit sa a regilyèman pou yon aksè ak yon itilizasyon optimal pou tout itilizatè yo.

Si ou gen nenpòt kesyon sou aksesiblite sit entènèt la, oswa si ou gen kòmantè sou amelyorasyon itilite oswa aksesiblite sit entènèt la, tanpri kontakte Biwo Èd pou Aksesiblite Sit Entènèt nou an ki disponib 24 sou 24, 7 jou sou 7.

Sit entènèt sa a sibi tès regilyèman avèk plizyè teknoloji asistans. Nou rekòmande pou itilize konbinezon navigatè entènèt/lektè ekran sa yo pou yon eksperyans optimize:

  • Pou itilizatè Windows yo: JAWS ak Internet Explorer oubyen NVDA ak Firefox
  • Pou itilizatè Mac yo: VoiceOver ak Safari oubyen VoiceOver ak Chrome
  • Pou itilizatè mobil yo: VoiceOver pou iPhone ak TalkBack pou aparèy Android

Sit tyès pati yo

Atravèt sit entènèt sa a, Western Union bay lyen ki mennen sou sit entènèt tyès pati yo. Western Union pa kontwole sit entènèt sa yo epi yo gendwa prezante defi pou moun ki andikape yo ke nou pa kapab kontwole oswa rezoud. Western Union pa responsab parapò ak moun ki andikape pou sa ki gen rapò ak aksè ak sit entènèt sa yo.

Kòmantè

Gen ekspè nan aksè entènèt ki disponib pou ede vizitè sit la ak nenpòt pwoblèm pou jwenn aksè ak kontni ak divès sèvis ak fonksyon ki disponib sou westernunion.com/US. Vizitè sit la gendwa chwazi kontakte Biwo Èd la pou rapòte epi rezoud pwoblèm ki gen rapò ak aksesiblite ak entènèt.

Si ou rankontre pwoblèm ak nenpòt paj sou sit nou an ki prezante yon defi pou moun ki andikape, Tanpri soumèt kòmantè ou a.

Bay itilizatè yo yon sèvis asistans pèsonalizab gratis

Ba zouti AudioEye

Anplis divès sèvis ak fonksyon ki disponib sou westernunion.com/US, nou bay zouti pèsonalizasyon entènèt gratis pou ede vizitè sit la ki petèt pa gen aksè ak zouti asistans tankou lektè ekran epi ki pèmèt vizitè sit la pèsonalize eksperyans itilizatè yo. Aktive ba zouti AudioEye la pou jwenn aksè ak chak zouti ki nan lis anba a.

Eksperimante ba zouti AudioEye la

Pou itilize Ba Zouti AudioEye la, aktive bouton Ba Zouti AudioEye la ki nan kwen anba dwat la.

Explore your accessibility options.