Pou w ka jwenn aksè a sèvis nou yo ankò, swiv etap sa yo:
Pou pwoteje kliyan nou yo, nou verifye chak transfè lajan pou asire ke li an sekirite. Pou plizyè rezon, nou ka mande w pou ban nou plis enfòmasyon anvan nou ka pèmèt ou kontinye itilize sèvis nou yo.
Nou angaje nou pou sekirite enfòmasyon pèsonèl ou yo. Nou itilize pwoteksyon òganizasyonèl, teknik ak administratif ki konfòm ak lwa ak règleman gouvènman ki aplikab yo pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou yo. Nou limite tou aksè a enfòmasyon pèsonèl nou trete yo pou sèlman anplwaye nou yo, ajan nou yo ak reprezantan nou yo ki gen yon bezwen biznis pou konnen yo. Pou plis enfòmasyon, li Tèm ak Kondisyon nou yo ak Deklarasyon sou Konfidansyalite Anliy.
Apre nou fin resevwa kesyonè w la byen ranpli ansanm ak dokiman obligatwa yo, n ap voye yon repons ba ou pa imèl nan 3 jou ouvrab.
Si nou gen lòt kesyon, nou ka kontakte ou atravè adrès imèl ou te bay nan kesyonè a.
a°. Ou bezwen yon foto ID ki valid ki soti nan gouvènman an pou verifye idantite ou.
b°. Sous finansman an nesesè pou asire ke transfè lajan yo pa gen rapò ak zak ilegal epi yo koresponn ak nati aktivite w la.
c°. Objektif transfè lajan an oswa itilizasyon prevwa lajan an nesesè pou konprann baz pou fè peman an ak kalite relasyon ki genyen ant ekspeditè a ak benefisyè a.
Egzanp:
d°. Enfòmasyon sou aktivite entèmedyè (voye oswa resevwa lajan nan non yon moun oswa yon biznis) nesesè pou konprann objektif ak nati relasyon ou ak Western Union.
Nou bezwen plis enfòmasyon pou nou konprann poukisa w ap itilize Western Union epi relasyon ki genyen ant ou menm ak moun oswa antite w ap fè tranzaksyon avèk yo a. Plis enfòmasyon ou bay, se pi vit n ap kapab ranpli demann ou an.